Accessibility links

Breaking News

Mobilizasyon Kont Prezidan Aristide la ap Kontinye - 2004-01-06


Nan peyi d’Ayiti, opozisyon politik la ap prepare yon jou pwotestasyon epi 2 jou grèv, nan kad kanpay mobilizasyon yo lanse pou deboulonnen Jean-Bertrand Aristide sou fòtèy prezidansyèl la. Yon kowalisyon sosyete sivil la ak plizyè pati nan opozisyon an anonse yo pral mete yon mouvman pwotestasyon sou pye mèkredi 7 janvye a, anvan yo òganize 2 jou grèv jedi ak vandredi, pandan y'ap kontinye fè presyon pou mande msye Aristide kite pouvwa a.

Anons pwotestasyon ak grèv sa a parèt nan moman yon delegasyon 15 manm Mache Komen Karayib la (KARIKOM) t'ap debake nan Pòtoprens pou sèvi kòm medyatè nan kriz politik la. Gwoup la --k'ap pase 3 jou an Ayiti-- genyen pou l'rankontre ak prezidan Aristide, militan anti-gouvènmantal yo, lidè legliz yo ak dirijan sektè komès ak endistri a.

XS
SM
MD
LG