Nan kapital Ayiti a, Pòtoprens, gouvènman Lavalas la te fè tout sa l’kapab pou seremoni bisantnè endepandans la byen dewoule, malgre gwo mobilizasyon Sosyete Sivil la ak opozisyon politik la mete sou pye depi kèk jou kont rejim nan. Lanbi kònen, moun pran lari, anfèt patizan Lavalas yo te plizyè milye devan Palè Nasyonal kote prensipal seremoni yo t'ap dewoule yè jedi a.
Yon kolaboratè nou nan Sèvis Fransè Vwa d‘Lamerik la (Henri Francisque) ann Ayiti depi plizyè semèn kote l' ap suiv evolisyon sitiyasyon politik la. Li di nou lese-frape ant lapolis ak manifestan fè plizyè blese, dapre temwen ki sou plas.
Yon lòt kote, korespondan nou nan Gonayiv ban nou yon repòtaj sou jan Premye janvye a te pase nan vil sa a, kote, dapre dènye nouvèl yo, pwoblèm sekirite te anpeche elikoptè Prezidan Afrik di Sid la, Thabo Mbeki, rive nan Site Endepandans la. Msye Aristide te parèt pou yon ti moman, li fè yon diskou tou kout, apèn 2 ou 3 minit, epi li deplase. Kout zam t'ap tire nan vil la pandan tout evènman yo.
Pou plis detay ak yon analiz sitiyasyon an, klike sou lyen ki nan tèt atik sa a.