Lidè Mouvman Peyizan Papay la, Chavannes Jean-Baptiste, ki se yon ansyen alye prezidan Aristide, mande pou prezidan an bay demisyon l. Msye Jean-Baptiste denonse tou prezans sòlda sid afriken nan vil Gonaïves kòm yon aksyon ki trayi ni espri endepandans peyi dayiti a ni hero ki te lite pou endepandans la. Korespondan nou Jean-Christophe Collegue di nou plis sou sa depi Mirebalais.