Opozisyon an reyaji sou deklarasyon prezidan ayisyen an ke l' konsidere tankou yon mannèv pou kraze inite ki deja tabli nan mitan popilasyon ayisyèn nan. Evans Paul, ki se youn nan lidè Konvèjans Demokratik la ki reyini prensipal pati nan opozisyon an rejte deklarasyon Msye Aristide fè nan entèvyou li bay media leta yo.