Accessibility links

Breaking News

OEA Anonse l'ap Rete Nan Dosye Ayiti a - 2003-12-18


Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) afime yon fwa ankò, mèkredi 17 desanm nan, angajman n' pou li ede jwenn yon solisyon nan kriz politik Ayiti ap travèse a. Konsèy Pèman OEA a deklare nan Washington ke Misyon Espesyal la, ki gen nan tèt li Kanadyen David Lee, pral kontinye travay pou kore demokrasi nan nasyon karayibeyèn nan, kote li dwe konsantre li sou kesyon sekirite, fason gouvènman an ap fonksyone, demokrasi, jistis ak dwa moun.

Anbasadè Ameriken John Maisto di "se klè ke gouvènman ayisyen an gen obligasyon e li dwe jwenn volonte politik pou li mete lòd nan kwen kay li e pran desizyon toutbon pou pèmèt popilasyon an egzèse dwa libète lapawòl ak libète reyinyon ki garanti nan manman-lwa peyi a."

Sepandan anpil obsèvatè, tankou Pwofesè Paul Latortue ki nan Inivèsite Pòtoriko, kwè kriz ayisyèn nan depase L’OEA kounye la a. Koute kòmantè l' yo anvan ou kite sit sa a. W' ap jwenn tou yon reyaksyon Sekretè-deta Kominikasyon gouvènman Lavalas la, Mario Dupuy.

XS
SM
MD
LG