Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Aristide ap Fè Fas ak Yon Vag Demisyon - 2003-12-17


Ayiti: yon vag demisyon ap kontinye nan sen rejim Lavalas la, ki ap lite pou li kenbe pouvwa a, anfas yon mouvman anti-Aristide ki gaye prèske toupatou nan peyi a.

Martine Deverson, ki te Minis Touris, bay demisyon ni. Laprès ann Ayiti fè konnen demisyon sa a ta lye ak dènye evènman ki dewoule nan kapital la, kote gang ame kap travay pou rejim nan atake e blese plizyè moun--pami yo nou jwenn etidyan ak responsab Inivèsite. Sa fè 4 demisyon enpòtan nan espas yon semèn.

Vrèman vre, Minis Edikasyon Nasyonal la, Marie-Carmel Paul Austin, te abandone gouvènman an apre atak 5 desanm nan sou inivèsite a; Direktè Jeneral Ministè Sante Piblik la, Pierre Emile Charles, kite sa; Epi Anbasadè Ayiti a nan Repiblik Dominikèn, Pwofesè Guy Alexandre, demisyone tou, dapre yon lèt li voye bay Prezidan Aristide nan dat 11 desanm, lèt ki fè konnen aksyon patizan pouvwa a ann Ayiti, se pa bagay li kapab tolere an tan ke yon inivèsitè e yon edikatè.

Clarens Renois, ki jounalis, direktè ajans Haiti Press Network, e analis politik, ofri nou kèk kòmantè sou vag demisyon sa a nan gouvènman Aristide-Neptune nan.

XS
SM
MD
LG