Enjenyè Gerlens César ap kontinye pale ak paj Syans ak Teknoloji a sou kado nou ka jwenn nan sektè enfòmatik la pou finisman ane 2003 a. Pami eleman li site yo, genyen sitou pwogram pou òdinatè--lojisyèl--ki ka ede timoun kou granmoun nan fòmasyon akademik yo. Gen lòt pwodui tou ki enteresan, tankou nou va tande l' si nou klike sou lyen ki nan tèt atik sa a.