Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Arete Saddam Hussein - 2003-12-15


Sòlda ameriken poze lapat sou ansyen diktatè irakyen Saddam Hussein, tou vivan, toupre vil natal li, Tikrit, nan rejyon nò Irak. Anbasadè Paul Bremer, ki alatèt otorite kowalisyon an nan Baghdad, te fè anons ofisyèl la nan yon rankont ak laprès nan kapital Irak la.

Msye Bremer di jounalis yo, "mesyedam, nou pran msye!" Bò kote pa l, kòmandan twoup ameriken yo nan Irak, Lyetnan-Jeneral Ricardo Sanchez, deklare 4è Divizyon Blende Lame a ak fòs spesyal kowalisyon an te mete men sou Saddam samdi swa, nan lè Irak, kidonk dimanch maten Ozetazini. Yo jwenn diktatè dechouke a kache nan yon twou anba yon kay nan jaden, toupre yon ti bouk ki rele ad-Dawr, sou yon distans 15 kilomèt konsa ak Tikrit. Dapre Jeneral Sanchez, Saddam an sante, men li fatige. Msye pa blese. Anfèt, pat gen yon grenn bal ki te tire, lè yo t'ap arete li.

Anbasadè Paul Bremer deklare "se yon gran jou nan listwa pèp irakyen-an,e kounye a lè a rive pou Irak gade devan, nan direksyon lespwa ak rekonsilyasyon paske tiran an, diktatè a, anba kòd."

XS
SM
MD
LG