Accessibility links

Breaking News

Relijyon: Manke Pè Nan Legliz Katolik - 2003-12-12


Legliz Katolik Ozetazini ap fè fas ak yon mank nan efektif klèje a, e sa si tèlman grav, gen legliz ki oblije ap fèmen pòt yo. Pa gen pè pou fè lamès pou yo.

Rejyon nò New York, ke nou chwazi kòm egzanp jodi a pou devlope tèm mank pè nan klèje katolik ameriken an, se yon melanj kominote agrikòl ak vilaj kote ki gen moulen, manifakti, kote pè- o plis pase lidè relijye. Yo sèvi kòm konseye, antrenè, bon zanmi, elatriye. Moun vin kote yo ak tout kalite pwoblèm. E pa gen ase pou sèvi populasyon an. Depi lane 1950, kantite fidèl Katolik Women Ozetazuni pa sispann ogmante. Gen plis ke 30 milyon katolik anplis valè ki te genyen nan epòk sa a. Poutan, efektif klèje a pa ogmante menm jan an. Swa chif la rete menm kote a, swa li bese rapidman, tankou nou wè sa nan anpil dyosèz andeyò oubyen nan katye pòv vil yo.

Tankou ou ka tande l' nan repòtaj nou an jodi a, Legliz Katolik Ozetazini anvizaje yon seri mezi pou rezoud pwoblèm nan.

XS
SM
MD
LG