Accessibility links

Breaking News

Sèvis Sekurite Teritoryal Etazuni Voye 361 Boatpeople tounen Ayiti - 2003-12-12


Gad Kòt ameriken anonse yo voye tounen Ayiti 361 ayisyen yo te sove sou lanmè Samdi pase-a pandan yo te tou prè kòt zile Grant’Inag, nan peyi Bahamas.

Nan yon komunike yo publiye, responsab yo presize yon elikoptè Gad Kòt te dekouvri Ayisyen yo ki tap vwayaje sou yon kannòt ki te mezure 16 mèt de longè. Gad kòt fè konnen bato a, ki te chaje depase limit, pat kapab kenbe ekilib li sou dlo a, aprè fòmasyon tanpèt twopikal Odette kap soufle ak gwo nan Lanmè Karayib la.

E puiske dosye sa a gen pou wè ak politik imigrasyon Lèzetazuni, kòlèg nou Ronald César(en marge Conférence Marché-libre li te asiste nan Miami-Beach la) te abòde dosye imigrasyon an avèk Asa Hutchinson, sou-sekretè fwontyè ak transpò nan depatman Sekurite teritoryal Lèzetazuni an--ansyen sèvis imigrasyon an.

Koute sa responsab la te gen pou di Ronald sou kesyon sa a.

XS
SM
MD
LG