Accessibility links

Breaking News

Yon Pwopriyetè Radyo Nan Kap-Ayisyen Pran 2 Bal - 2003-11-26


Nèg ame tire epi blese ak bal direktè Radyo Maxima a Jean-Robert Lalane, youn nan moun k' ap mande demisyon Prezidan Jean-Bertrand Aristide nan Nò peyi d Ayiti.

Responsab yo di 2 nèg ame te grenpe kloti rezidans Msye Lalane epi tire l' nan zèpòl avan yo kraze rak. Dapre nouvèl yo lavi msye Lalane pa an danje nan moman l' ap resevwa swen nan lopital. Mwa pase a responsab Radyo Maxima a te oblije fèmen pòt estasyon an apre moun ki te idantifye tèt yo kòm patizan Prezidan Aristide te menase vi li nan telefòn.

XS
SM
MD
LG