Accessibility links

Breaking News

La Polis Eta Kalifòni Mande Gro Vedèt Mizik Pop Michael Jackson Rann Tèt li Anba Akizasyon Dèske Li te Komèt Abi sou Timoun - 2003-11-19


Yon pòt pawòl wa stil mizik Pop la, Michael Jackson, deklare vedèt la ap retounen nan eta Kalifòni pou l vinn defann tèt li anba akizasyon ki di kòmkwa li komèt abi sou ti moun piti.

Pi bonè jodiya, la polis nan eta Kalifoni te piblye on manda-arestasion kont vedet ameriken, MICHAEL JACKSON ki gen 45-kan, sou plizyè chèf dakizasyon kòmkwa li moleste yon ti gason ki gen 12 ou 13 zan e la polis mande l pou l vinn rann tèt li. Chèf polis vil Santa Barbara a nan Kalifoni, kote chantè a ap viv, deklare la polis mande Jackson pou remèt passpò l bay otorite yo. La jistis pral fikse a 3 milyon dola, montan lajan-kosion, Michael Jackson kapab genyen pou l peye; yon lajan yap remèt akize a lè li vinn jije nan dat otorite yo prevwa a.

Avan sa, kèk ajans nouvèl te fè konnen Michael Jackson trouve l nan vil Las Vegas kote la p filme yon mizik videyo. Komisè gouvènman nan zonn nan deklare si yo jwenn Michael Jackson koupab, li kapab genyen pou l pase ant 3 ak 8 an prizon pou chak akizasyon ki gen rapò ak abi sou ti moun. Pandanstan, chèn televizyon C-B-S fè konnen li ranvwaye yon program amizman li ta pral difize sou Michael Jackson, akoz akizasyon ki sou do vedèt la.

XS
SM
MD
LG