Prezidan Ayisyen an, Jean-Bertrand Aristide, fè yon diskou nan kad komemorasyon 200 zan batay Vertières la, sètadi dènye gwo batay ki te debouche sou endepandans Ayiti nan men la Frans. Nan diskou sa a, prezidan Aristide fè konnen si se pat kou deta 1991 la, Ayiti t-ap pi lwen jounen jodia. Korespondan nou Yves Mompremier gen detay depi vil Cap-Haitien.