Anbasadè ameriken an nan peyi d’Ayiti, James Foley, bay premye konferans de près li kote l denonse zak OP lavalas ap komèt kont militan politik opozisyon an. Diplomat la presize, Lèzetazini kondane tout zak vyolans kèlkeswa kote l soti. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior di nou, Msye Foley te abòde tou kesyon elektoral la.