Vyolans eklate jodi a ankò nan vil Gonaïves, kote manifestan kap mande pou Prezidan Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a dechouke kay reprezantan chèf l’Eta a, Mèt Ketlin Thélémaque, ki kite Site Endepandans lan pou kapital la, Pòtoprens. Korespondan nou, Duc Jonathan Joseph, di nou manifestasyon jodi a yo fè 6 blese e lapolis poze 10 arestasyon. Pandan ensidan madi 27 oktòb yo, manifestan anti-Aristide yo di yo pa vle okenn negosyasyon ak rejim Lavalas la e yo deklare tout sa yo vle se wè prezidan Aristide remèt pouvwa a.
*Klike sou lyen anlè a pou nou koute evènman yè madi a nan Gonaïves.