Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ap Kontinye Vizit li nan Azi-Pasifik la - 2003-10-22


Anvan lidè ameriken an te pran wout peyi Ostrali te pase nan Endonezi kote li-menm ak Prezidan Megawati Sukarnoputri afime yon fwa ankò angajman yo nan lagè kont teroris yo ak efò pou fè demokrasi pran pye nan lemond. Prezidan George Bush ak tokay endonezyen li a te fè yon rankont an prive jodi mèkredi 22 oktòb la sou zile vakans Bali, anba gwo sekirite.

Apre sa, Madam Megawati di jounalis yo malgre 2 peyi yo pa toujou gen menm pèspektiv, yo reyalize ke li nan enterè yo pou yo kolabore. Kanta Prezidan Bush, li felisite Endonezi pou efò li nan lit anti-teroris la.

Apre Bali, Prezidan ameriken an ale nan peyi Ostrali, ki ap kolabore anpil tou nan lagè kont teroris yo. Pami tèm ki sou pwogram msye Bush, genyen dosye nikleyè Iran ak Kore di Nò. Msye Bush byen akeyi desizyon Iran anonse kòmkwa l'ap pèmèt enspeksyon-sipriz fèt nan enstalasyon nikleyè li yo epi l'ap sispann anrichi iranyòm. Washington deklare Iran gen yon pwogram sekrè pou li fabrike bonm nikleyè, sepandan Teheran ensiste ke aktivite nikleyè li yo pral senpman pwodui elektrisite.

XS
SM
MD
LG