Accessibility links

Breaking News

Relijyon: Rankont Ak Pè Jean Morin--3èm pati - 2003-10-22


Pè Jean Morin, ki baze nan legliz St Angela nan Boston, nan eta Massachusetts, se yon Ameriken ki familye anpil ak reyalite kiltirèl Ayisyen yo, apre li fin pase 40 an ann Ayiti e 12 an omwens nan mitan Ayisyen Ozetazini. Nan kad aktivite eklezyastik li, li rezève yon plas espesyal pou jèn yo e li ta renmen wè paran Ayisyen yo jwenn yon bon ekilib ant kilti yo pote soti Ayiti a ak sa timoun yo ap resevwa nan sosyete amerikèn nan.

Pè Jean Morin di nou li pap sispann fè efò pou ede fidèl yo konprann sa. Li kwè se wòl legliz pou li ankadre fanmi yo nan sans sa a, konsa pawas li a anvizaje tout yon seri pwogram kiltirèl, edikatif, e relijye, ki mete aksan sou idantite Ayisyen ak jan moun ka afime l san yo pa jennen adaptasyon yo nan sosyete amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG