Pòt pawòl Konvèjans Demokratik la, Evans Paul, denonse move moman patizan pouvwa Lavalas la te fè l pase, apre selebrasyon la mès pou make 25 lane Pap Jean-Paul 2 genyen nan tèt legliz katolik la. Korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior, di nou manb OP yo tap lanse slogan an favè chèf leta ayisyen an, Jean-Bertrand Aristide, ki tap asiste mès la ansanm ak manb kò diplomatik la.