Accessibility links

Breaking News

L'ONU Vle Sèvi Ak Entènèt Pou Devlope Konpreyansyon ant Divès Pèp - 2003-10-14


Òganizasyon Nasyonzini ak yon antite Ewopeyen patwone yon pwojè pou konekte jenn gason ak jenn fi atravè lemond antye pou pèmèt yo egzaminen relasyon ki egziste ant teknoloji enfòmasyon oubyen teknoloji kominikasyon, avèk dwa kretyen vivan. Yon konferans de près ki te lye 3 kontinan an menm tan te lanse pwojè sa a nan New York nan mwa septanm 2003 a.

Ekspè yo di se youn nan evènman sou edikasyon ki pi gwo nan istwa Entènèt la. Se yon avan-gou tou, yon “preview” sou fason timoun jodi ak demen ap aprann dekouvri lòt moun, lòt pèp, lòt kilti.

Se pa tout moun ki pozitif. Kritik yo di depandans vizavi Entènèt la ap fè gen yon pi gwo ravin, yon pi gwo distans ant moun ki rich ak moun ki pòv. Shashi Tharoor, yon responsab enfòmasyon nan L'ONU, di pwojè a ap fè tout efò posib pou konble “fossé” sa a.

Li kwè pwojè konsa, ke ekspè nan L’ONU rele The Cyber School Bush, kapab ede plis moun jwenn aksè nan teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon. L’ap konekte moun ki gen kilti diferan, nan peyi diferan, l'ap fè youn konprann lòt pibyen, l’ap bon pou limanite. Se yon rèv nou tout pataje pou Entènèt la.

XS
SM
MD
LG