Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Vyolans: Omwen 6 Moun Mouri Nan Gonayiv - 2003-10-03


Zak vyolans ap kontinye fèt nan Gonayiv, sou yon distans 155 kilomèt nan direksyon Nò kapital Ayiti a, Pòtoprens. Lapolis lokal, ak ranfò ki soti nan inite espesyal PNH nan Pòtoprens, pat ezite ouvè kout zam nan Raboto, pou kontwole foul k'ap pwoteste depi plizyè jou kont asasina Amiot Métayer, e k'ap reklame demisyon Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Bilan pwovizwa: 6 moun pou pi piti jwenn lanmò e plis pase yon douzèn lòt ta blese grav, dapre korespondan laprès nan Site Endepandans la. Korespondan nou D. Jonathan Joseph gen detay nouvèl sa a.

XS
SM
MD
LG