Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lidè Lame Kanibal la, Amiot Métayer, Mouri - 2003-09-23


Nouvèl ki soti nan depatman Latibonit la fè konnen lidè gwoup ki rele Lame Kanibal la, Amiot Métayer, alyas Kiben, mouri ansasinen. Fanmi viktim nan konfime ke yo jwenn kadav Kiben nan mòg vil Sen-Mak, ak plizyè mak bal nan tèt li. Nouvèl lanmò sa a pwovoke gwo krent nan mitan popilasyon Gonayiv kote Msye Métayer te gen baz operasyon ni ak rezidans prive li.

Amiot Métayer te tonbe anba akizasyon piblik kòm youn nan responsab zak vyolans ki te fèt kont opozisyon an nan Gonayiv, apre yon atak ki te fèt sou Palè Nasyonal, nan dat 17 desanm 2001. Apre li te sove nan prizon Gonayiv la, pandan yon atak patizan n yo te lanse sou prizon an, anpil vwa te leve, ann Ayiti e nan kominote entènasyonal la, pou mande gouvènman an re-arete li e jije l kòmsadwa. Jiska jou kote Amiot Métayer mouri a, li te kontinye ap sikile san pwoblèm e li pat pè fè deklarasyon an piblik anfavè pouvwa a. Poko gen plis detay sou sikonstans lanmò msye.

XS
SM
MD
LG