Accessibility links

Breaking News

Nan Vil Gonaïves, Patizan Amiot Métayer Pran Beton an Pou Denonse Asasinay Lidè Yo a - 2003-09-23


Patizan ak sipòtè Amiot Métayer (yon lidè OP nan vil Gonaïves--Depatman Latibonit) pran lari e boule kawotchou pou eksprime kòlè yo apre asasinay lidè yo a. Lapolis te entèvni e tire gaz lakrimojèn pou kwape foul la ki te move kou kong. Nouvèl la pa di si gen viktim nan manifestasyon an. Korespondan nou nan rejyon an, Duc Jonathan Joseph, di manifestan yo deklare "gouvènman Lavalas la konplis nan lanmò Métayer".

XS
SM
MD
LG