Accessibility links

Breaking News

Atak Kontinye Fèt Nan Irak Pandan Prezidan Bush Ap Chache Konkou L'ONU Pou Peyi Sila a - 2003-09-22


Yon machin pyeje eksploze nan sant vil Bagdad, kote yon gad sekirite irakyen mouri tou prè katye-jeneral l’ONU an ki te subi gwo dega mwa pase a nan yon lòt atak suisid. Otorite ameriken yo fè konnen nèg ki tap transpòte bonm nan nan machin nan pèdi lavi li tou nan eksplozyon an ki fèt nan yon “parking” ki pa lwen ak katye-jeneral la. Sa rive byen bonè jodi lendi a, nan pati lès Baghdad, daprè yon manm lame amerikèn.

Pandansetan, Prezidan George W. Bush di li ta renmen wè Nasyonzini jwe yon pi gwo wòl nan peyi Irak, men li pap aksepte yon dat-limit egzat pou ameriken yo ak lòt manm kowalisyon an remèt tout pouvwa bay Irakyen yo. Dapre msye Bush, yon rezolisyon Konsèy Sekirite L’ONU an pa ta dwe deranje yon transfè souvrènte peyi a nan lòd ak disiplin -- sa ki kapab fèt sèlman apre Irak gen yon nouvo konstitisyon epi li òganize eleksyon jeneral.

Pi gwo demokrat nan Komisyon Afè Etranjè Sena ameriken an di li kwè Lamezon Blanch kapab simonte objeksyon Lafrans poze sou chimen rezolisyon sa a. Fransè yo gen dwa veto nan Konsèy la. Nan pwogram televizyon Fox News Sunday, Senatè Joseph Biden deklare Washington ta ka ofri pou L’ONU li-menm fikse yon kalandriye pou transfè pouvwa a ann Irak.

Nan menm pwogram nanm, Senatè Chuck Hagel, yon Repibliken eta Nebraska, fè konnen l’ap difisil pou Irak kapab gouvène tèt li pou kont li nan yon ane.

Yon ansyen Sekretè-deta ameriken, madam Madeleine Albright, gen kèk konsèy li-menm tou pou prezidan Bush. Madan Albright fè konnen pou Etazini jwenn apui entènasyonal nan dosye Irak la, aksyon an dwe kòmanse nan L’ONU e Washington dwe sonje wòl òganizasyon mondyal sa a te jwe deja anvan dechouka rejim Saddam Hussein nan.

XS
SM
MD
LG