Accessibility links

Apèl Telefonik Sou Entènèt - 2003-09-22


Epòk kote apèl telefonik sou Entènèt la te sonnen trè mal, pòtre ak yon move telefòn pòtab, epòk sa a pase e depase, gras ak nouvo devlòpman ki fèt nan teknoloji kominikasyon elektwonik yo. Sa pa gen lontan, apèl telefonik ki baze sou Entènèt la te kòmanse tounen yon fenomèn nòmal, sitou gras ak amelyorasyon ki fèt nan kalite son an. Nou mande Peter Meyers, ki nan New York, e ki abitye ekri atik sou Syans ak Teknoloji, eksplike sa sèvis telefòn sou Entènèt ye e kouman li fonksyone.

Peter Meyers di, “jan kout telefòn te toujou abitye fèt nan 100 lane ki sot pase yo se gras ak yon koneksyon espesyal ant 2 moun sou yon sikui. Sa vle di senpman chak fwa 2 moun t’ap pale nan telefòn gen yon liy ki te okipe. Lè Entènèt vin parèt sou sèn nan, yon teknoloji tou nèf te vin disponib e ekspresyon teknisyen angle yo, ki te premye dekouvri l, te bay pou li se ‘packet switching’. Fransè yo tradui l “commutation par paquets.” Nou rele l’ “Transmisyon Pa Moso”. Sa vle di transmèt yon enfòmasyon soti nan yon pwen A pou rive nan yon pwen B, moso pa moso. Dabò, yo divize mesaj la nan pwen A a (sètadi kote l’soti a, epi yo rasanble l’ lè li rive nan pwen B a, anvan reseptè a tande li).

Youn nan egzanp pi kouran nou genyen pou transmisyon pa moso a se E-mail, oubyen Kouryèl, Kourye Elektwonik. Chak fwa ou voye yon E-mail, mesaj la divize moso pa moso, li sikile sou rezo Entènèt la, epi, o dènye moman, li rasanble ankò pou lektè a ka resevwa l’ jan ou te voye l’ la. Enben, se menm man parèy man pou kout telefòn ou plase sou Entènèt. Audio a, kidonk son an, divize an plizyè moso, li transmèt sou Entènèt la, li rasanble finalman pou yon lòt moun ka tande l’ plizoumwen tankou yon konvèsasyon nòmal. Tèm teknik la se Voice Over I-P, ki vle di Vwa sou Pwotokòl Entènèt. Sa gen kèk ane, teknik sa a te popilè anpil. Gen moun menm jan ak nou k’ap mande sa k’pase?

Envite nou Peter Meyers di li te popilè lè sa a paske moun te ret’ sezi, yo te emèveye lè yo te tande moun ka rele nenpòt kote sou latè pandan yo chita devan òdinatè yo, e sa k’pi rèd la, sa te konn’ fèt gratis-ti-cheri. Se te nan mitan ane 1990 yo, e pifò moun te konekte sou Entènèt atravè yon liy telefòn, kidonk koneksyon an pat rapid ditou. Moun yo te dekouraje. Peter pa mantò, paske menm mwen menm ki te konn’ itilize sèvis tankou Dialpad.com ak lòt ankò, mwen te sispann sèvi ak yo. Men sa chanje.

Msye Meyers di sa ki rive nan zòn ane 2002, vin gen anpil koneksyon sou “bande passante”, koneksyon grand vitès, (tankou Kab ak DSL, ki vle di liy nimerik pou abòne. Nan peyi Lafrans, pa egzanp, gen sèvis Netissimo, ki se youn konsa). Avèk koneksyon rapid sa a, kout telefòn sou Entènèt vin pi klè, paske sa pran mwens tan pou transmisyon pa moso a fèt, son an rive nan zòrèy reseptè a pi vit e pi klè. Poutèt sa, plis moun rekòmanse sèvi ak li e plis konpayi antre nan biznis la ki retwouve yon popilarite li te pèdi pandan kèk ane.

Ki dènye fwa ou te plase yon apèl telefonik sou “computer,” sou òdinatè? Pou mwen, sa gen kèk tan; Sepandan ak bon nouvèl nou tande jodi a nan Paj Syans ak Teknoloji a, san di pètèt, gen nan nou ki pral eseye ankò. Ekri segman sa a sou Lavwad Lamerik e fè m’ konnen jan sa ye.

XS
SM
MD
LG