Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Deklare Saddam Hussein Pat Mele nan Atak 11 Septanm yo - 2003-09-18


Prezidan ameriken an, George W. Bush, fè konnen pa genyen pyès prèv ki ta lye Saddam Hussein dirèkteman avèk atak teroris ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001 an.

Misye Bush tap reponn kesyon laprès sou afè a, paske sanble Vis-Prezidan Dick Cheney ta fè kèk deklarasyon ki lage konfizyon sou dosye a lè li te fè konnen sa pa ta etone li si pèp ameriken an panse genyen yon rapò dirèk ant Saddam ak atak teroris yo, paske, daprè li, lidè dechouke irakyen an te genyen bon jan kontak ak al-Qaida depi ane 90 yo. Prezidan Bush fè konnen misye Cheney tap di yon verite.

XS
SM
MD
LG