Accessibility links

Breaking News

Lig Arab la Aksepte Delege Gouvèman Irakyen Etazini ap Soutni an - 2003-09-09


Yon delege Konsèy Nasyonal Gouvènman Lèzetazini nonmen nan Irak la reprezante peyi sa a nan konferans Lig Arab la ki tanmen jodi a nan vil Kèr, ann Ejipt.

Minis Afè Etranjè Hoshyar Zebari pran plas li pami 21 lòt diplomat Arab yo, yon jou apre Lig la te anonse ke msye kapab sèvi kòm reprezantan Irak jiskaske peyi sa a fòme yon gouvènman souvren. Pandansetan, Sekretè-jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan, konvoke yon reyinyon ant 5 manm pèmanan Konsèy Sekurite a pou samdi nan Jenèv, kote yo pral analize yon pwojè-rezolisyon Etazini prepare konsènan dosye Irak la.

Yon lòt kote, palmantè ameriken yo, an jeneral, dakò pou di Prezidan Bush ap jwenn 87-Milya dola li mande pou operasyon militè ak pwojè rekonstriksyon nan peyi Irak ak Afghanistan. Sepandan, Demokrat yo reklame presizyon sou fason 87-Milya dola sa a pral depanse. Plis detay nan repòtaj konplè ki anwo atik sa a.

XS
SM
MD
LG