Nan rejyon Nò peyi d Ayiti, patizan opozisyon an te rasanble devan lokal Pakè vil Kap-Ayisyen pou yo manifeste kont manda lajistis voye bay 3 lidè opozisyon an pou swadizan wòl yo ta jwe nan sa pouvwa a rele dezòd ki te fèt semèn pase a nan okazyon yon manifestasyon anti-gouvènmantal. Depi Kap-Ayisyen, korespondan nou Yves Mompremier gen detay ak deklarasyon kèk responsab.