Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Mande Kongrè Ameriken an 87-Milya Dola pou Irak ak Afghanistan - 2003-09-08


Prezidan George W. Bush mande Kongrè ameriken an 87-milya dola prese-prese pou Irak ak Afghanistan. Nan yon mesaj msye Bush delivre dimanch 7 septanm nan, li mande lòt nasyon pou yo bay konkou yo tou paske li di L’ONU gen yon gwo wòl pou li jwe nan lagè kont teroris yo. Li deklare Etazini pap dekouraje nan dosye Irak la.

Msye Bush di, “sa pral pran tan e l’ap mande sakrifis. Poutan nou pral fè sa ki nesesè a, n’ap depanse kantite lajan ki nesesè a, pou nou ranpòte viktwa sa a ki trè z enpòtan nan lagè kont teroris yo, pou n’ fè kòz libète avanse, epi bay nasyon nou an plis sekirite.”

Pi lwen msye Bush ajoute, “teroris ki ann Irak atake reprezantan mond sivilize a, e efò pou kontrekare teroris sa yo dwe tounen kòz tout mond sivilize a. Kounye a, nasyon manm L’ONU yo gen yon okazyon ak responsablite pou yo jwe yon pi gwo wòl pou Irak ka tounen yon nasyon lib e demokratik.”

Se premye gwo diskou msye Bush delivre sou Irak, nan “heure de pointe” media ameriken yo, depi li te dekrete tout gwo konba fini nan peyi sa a, nan mwa Me a. Dosye Irak la kapab domine Asanble Jeneral Nasyonzini an, pita nan mwa septanm nan.

XS
SM
MD
LG