Kabinè ministeryèl 25 manm KNG irakyen an (Konsèy Nasyonal Gouvènman an) mete sou pye a prete sèman jodi 3 septanm nan nan vil Baghdad. Pou Etazini, se yon aksyon ki ta dwe sèvi pou ede Irakyen yo devlope plis konfyans nan tèt yo. Nouvo minis yo reprezante diferan gwoup relijye e etnik ki genyen nan peyi Irak.
Administratè an Chèf Washington plase lòt-bò a, Anbasadè Paul Bremmer, pale pou l'di Kabinè a pral kòmanse egzekite travay leta genyen pou l'fè chak jou. Pandansetan, yon fòs ki gen reprezantan 21 peyi e ki genyen yon kòmandan polonè nan tèt li pran kontwòl sekirite a nan plizyè rejyon ki nan pati santral-sid Irak, kote li ranplase "marines" ameriken yo. Transfè sa a rive nan moman nouvèl yo fè konnen Lèzetazini gen plan pou li chache jwenn yon nouvo rezolisyon nan L'ONU, ki ta pèmèt òganizasyon mondyal la jwe yon pi gwo wòl nan Irak.