Yon bonm sote nan katye-jeneral lapolis la nan Baghdad, kapital Irak: Yon polisye mouri e plis pase yon douzèn lòt moun blese. Selwan al-Naimi, yon jounalis Vwad’Lamerik, te temwen eksplozyon an.
Li di li te wè anpil viktim, moun ki blese, plizyè anbilans, machin militè “Hum-vee” ak elikoptè ameriken. Eksplozyon an rive akote pòs polis RASAFA a toupre biwo ofisye Lèzetazini nonmen kòm Chèf Polis Baghdad la.
Yon lòt kote, nan yon aksidan elikoptè ki fèt toupre Baghdad, yon sòlda ameriken mouri e yon lòt blese jodi madi a, dapre sa responsab militè yo anonse. Lendi, 2 sòlda ameriken te pèdi lavi yo lè machin yo te moute sou yon eksplozif, nan yon ri prensipal nan kapital irakyèn nan.