Nouvèl ki sòti nan Sidès Ayiti fè konnen Fondasyon Aristide Pou Demokrasi --yon fondasyon ki gen nan tèt li prezidan Jean-Bertrand Aristide-- te voye yon delegasyon nan Jakmèl lendi 25 out la, pou distribye founiti klasik bay paran elèv yo, founiti klasik yo achte pou mwens lajan pase pri ki sou mache a. Jean Martinez di nou tandiske patizan Lavalas yo ap bat bravo pou jès la, sektè ki pa danse kole ak pouvwa a raple se rejim Lavalas la menm ki lage manman ak papa pitit nan mizè yo ye jodi a, sa ki anpeche yo voye timoun yo lekòl.