Accessibility links

Breaking News

Edisyon 16 Out la: Legliz Fas ak Kriz Ayiti a - 2003-08-16


Tèm Ti Koze jodi a (16 Out 2003) se wòl legliz nan kriz k’ap frape peyi d Ayiti depi eleksyon konteste Me 2000 yo.

Si nou gade byen nap wè menm nan desizyon Òganizasyon Eta Ameriken yo pran, epi nan antant preliminè ki te fèt ant pwotagonis ayisyen yo, yon gwo plas rezève pou kò eklezyastik la, kit se Katolik, kit se Pwotestan, nan demach ki dwe mennen sou solisyon definitiv kriz la. Konsa legliz gen pou l’ voye manm nan yon nouvo konsèy elektoral ki va kredib e onèt, pou fè bon jan eleksyon. Sepandan, legliz se youn nan eleman nan sosyete ayisyèn nan ki poko bay delege li nan K.E.P sa a otorizasyon pou yo chita ak reprezantan lòt sektè yo. Yon pakèt pale anpil fèt nan peyi d Ayiti, presizeman, sou pozisyon yon branch nan legliz la, Federasyon Legliz Pwotestan, afiche pa rapò ak dosye kriz politik la.

Nan magazin sa a, korespondan nou Rotchild François, Jr, ranmase pou nou sa òganizasyon pwotestan an te di nan nòt li a, 8 Out pase a, epi reyaksyon ki te soti nan semèn apre a. Lòt envite Ti Koze se Rev. Fritz Bazin k’ap dirije Legliz Episkopal St-Paul et Les Martyrs d’Haïti, nan Miami, Florid. Pè Bazin kwè si dwe gen eleksyon nan peyi d Ayiti, kòm youn nan eleman pou rezoud kriz la, sa ki nesesè se pou chak pati aksepte fè konpwomi, plase enterè nasyon an anvan enterè pèsonèl, epi fè tout efò posib pou kreye yon klima konfyans. Li ensiste pou l’di legliz pa dwe janm’ fè santi l’ap pran pozisyon anfavè yon kan osnon yon lòt.

Yon lòt manm klèje a, Evèk Katolik Women Thomas Wenski di nou Ayiti bezwen finalman mete an pratik pawòl Pap Jan Pòl II te lanse nan Pòtoprens, 9 Mars 1983-a: Fòk sa chanje! Monsenyè Wenski te pale ak nou sa pa gen lontan nan kapital amerikèn nan, Washington, DC.

Yon lòt evèk Katolik, Willy Romélus, ki nan Jérémie, Sidwès Ayiti, lanse yon apèl anfavè entegrite legliz la ak tèt ansanm ant aktè ki sou sèn nan, tankou zansèt yo te aksepte fè l’ pou yo te ka ban nou endepandans nou pral fete nan dat Premye Janvye 2004 la.

Pawòl konsekan, konsèy ki merite fè n’ reflechi. Pou Ayiti ka gen yon chans. Pou Ayisyen ka gen yon avni pi sèten!

XS
SM
MD
LG