Accessibility links

Breaking News

Yon Kokenn Blakawout Paralize Vil Nouyòk  ak Plizyè lòt Vil Sou Kòt Nòdès Lèzetazini ak Kanada - 2003-08-15


Plizyè milyon moun toujou pa gen kouran nan pati nòdès Lèzetazini e pati sudès Kanada, akòz youn nan pi move blakawout lemond janm konnen. Nan mitan aprè midi jounen yè Jedi a, yon pwoblèm teknik koupe elektrisite nan kay ak nan biznis plis pase 50 milyon moun nan eta New York, Ohio, Michigan, Pensilvani (nan Etazini) ak nan vil Toronto ak Ottawa o Kanada. Teknisyen yo rive retabli kouran an nan kèk zòn nan vil New York ak Toronto, men nouvèl yo fè konnen sa ka pran plizyè jou anvan pou vil Detroit, nan Michigan, ak Cleveland, nan Ohio, rejwenn elektrisite.

XS
SM
MD
LG