Deklarasyon Federasyon legliz pwotestan yo sou òganizasyon eleksyon nan peyi Dayiti pwovoke divès reyaksyon nan milye lavalasyen yo- kit se kote pouvwa a kit se kote Pati Lavalas la. Vrèmanvre, Federasyon an deklare wikenn pase a prezidan Aristide dwe pran responsablite li pou bon jan eleksyon dewoule ann Ayiti oubyen bay demisyon li. Rotchild François Jr. ap pote reyaksyon sektè Lavalas la.