Otorite ki responsab lajistis nan depatman Sid Ayiti ap mennen ankèt pou konnen rezon ki ta pouse nèg ame, ke moun pa idantifye, ansasinen 5 manm yon fanmi. Korespondan nou nan vil Okay, Jean-Ernst Eliscar, di nou ansasinay sa a vin ogmante kè-sote popilasyon nan zòn nan pou fenomèn ensekirite a.