Tou lòt jou la a, nan dat dimanch 27 jiyè 2003 a, mwen-menm Chérubin Dorcil ak kolaboratè mwen Ronald César te 2 pami oratè ki te pran lapawòl nan seremoni G.C. Computer Center òganize chak ane nan Boston, Massachusetts, pou bay elèv li yo diplòm.
GC Computer Center se youn nan lekòl k'ap aprann ayisyen ak lòt moun nan zòn Boston divès aspè nan enfòmatik, ni sou plan teyorik(sa ekspè yo rele enfòmatik fondamantal) ni sou plan pratik. Men sa ki fè sant sa a ontijan apa pami tout, se seremoni pou remèt diplòm li òganize chak ane a, avèk anpil gangans, tankou nou te temwen sa, 27 jiyè pase a. Enjenyè César di li fyè pou reyalizasyon sa a.
Nan yon entèvyou Enjenyè Gerlens César bay Lavwa d Lamerik, li pale sou enpòtans enfòmatik pou kominote ayisyen yo Ozetazini e nan lòt peyi.