Ajan ladwann ayisyen sezi plizyè zam ekspè militè ameriken t’ ap transpòte nan peyi d Ayiti pandan weekend 2 Out la. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior di nou yon responsab nan anbasad amerikèn nan pale pou l' di sa ki pase a se rezilta yon erè administratif ant 2 depatman ministeryèl ameriken.