Anbasadè ameriken an nan peyi dAyiti, Brian Dean Curran--ke gouvènman Bush la transfere ann Itali - eksprime desepsyon li deske kriz peyi dAyiti a poko rezoud. Korespondan nou, Rotchild François Junior, di nou msye Curren fè deklarasyon sa a nan dènye konferans pou laprèss li bay jedi nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.