Accessibility links

Breaking News

KONSÈY DEPATMAN LADWANN AMERIKEN - 2003-07-31


KI SA NOU KAPAB POTE AVÈK NOU LÈ NAP VIN VIZITE LÈZETAZINI

1) Lè nap vizite Lèzetazini pa gen limit sou kantite lajan nou kapab transpòte sou nou. Men, si nap vwayaje avèk plis pase 10 mil dola ($ 10.000)-- kit se sou fòm chèk (chèques de voyages), chèk-manda (money-orders) ou sou fòm enstriman monetè-- nou dwe enfòme ajan ladwann nan. Si nou pa enfòme ajan ladwann nan, enspektè yo ka sezi lajan sa a. Si 2 ou plizyè moun ranpli ansanm yon fòm ladwann, yo dwe deklare montan total lajan yo tout pote avèk yo. Nou pa bezwen presize konbyen kat kredi nou genyen nan bous nou ni ki kantite lajan yo vo.

2) Tout moun kap vizite Lèzetazini kapab pote jiska 100 dola kado pou zanmi ak fanmi yo san yo pa bezwen peye frè ladwann pou yo. Men, yo va peye yon frè dwann 3 pou san sou kado yo pote nan peyi a e ki vo mil dola an plus 100 dola a.

3) Vwayajè kap vini Ozetazini dwe konnen ke pwodui yo achte nan boutik ayewopò ki vann bagay san taks, abò avyon oubyen abò bato-kwazyè, eben, yo dwe konnen pwodui sa yo ka pa benefisye okenn ekzampsyon fiskal lè yo rive sou tèritwa ameriken an. An jeneral, taks yo ka mete a ap frape pwodui tankou bwason ki fèt ak alkòl ki plis pase yon lit oubyen sigarèt (si yo depase 200) ou si se plis pase 100 siga. Men si nou genyen yon kantite bwason ki fèt ak alkòl ak plis pwodui ki fèt ak tabak nou achte nan peyi Basen Karayib la ou sou tèritwa/posesyon ameriken yo, nou gen dwa benefisye yon ekzampsyon taks sou yo.

4) Nou dwe deklare sou fòm ladwann yo bay abò avyon an, abò bato ou sou pòst fwontyè Etazini yo, tout pwodui alimantè nou pote nan malèt nou oubyen nan valiz nou. Menm si pwodui alimantè kapab antre Ozetazini, li enpòtan pou enspekstè yo kontwole yo e detèmine si yo pa gen vèmin ki kapab nuizib pou anviwonnman ak agrikilti peyi a, ou si yo pa gen ladan yo jèm ki kapab bay maladi. Si nou pa deklare nou pote pwodui sa yo nan malèt ou nan valiz nou, enspektè ladwann gen otorite pou yo sezi yo --menm si yo te byen kapab kite ou antre sou tèritwa ameriken an avèk pwodui sa yo, si ou te deklare yo.

5) Nou pa kapab pote nan valiz ni nan malèt nou Siga ak lòt pwodui ki sòti nan peyi Kiba, kit se pou izaj pèsonèl nou, kit se pou nou ofri kòm kado. Tanprisouple, kite pwodui sa yo nan peyi nou si n pa ta renmen fè sezisman lè enspektè ladwann Etazini sezi yo.

XS
SM
MD
LG