Otorite ameriken yo an Ayiti demanti pawòl kap sikilye nan yon faks e ki fè konprann Etazini ap pare yon operasyon sekrè pou l arete kèk gwo otorite nan gouvènman ayisyen an --pami yo ta genyen prezidan Jean-Bertrand Aristide. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior pale ak yon responsab anbasad amerikèn nan.