Administratè Ajans Ameriken pou Devlòpman Entènasyonal la (USAID) Andrew Natsios, te fè yon vire-won nan rejyon nò Ayiti madi. Responsab ameriken an raple enpòtans asistans Etazini bay Ayiti nan divès domèn, tankou lasante ak edikasyon, daprè korespondan nou Yves Mompremier.