Palmantè Simson Liberus akize gwoup 184 nan sosyete sivil la kòm sektè ki ta mete dife nan mache Makdonal la nan Pòtoprens ke yo rele ankò guerit.Ensandi a boule rapyetè tout machandiz ti machann yo. Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, di nou prezidan ayisyen an Jean-Bertrand Aristide anonse yè lap debloke 10 milyon goud pou ede ti machann sa yo pandan ke lajistis pral ouvè yon ankèt pou fè limyè sou ensandi sila a.