Atak ki te fèt nan Site Solèy la pwovoke reyaksyon depaman sou posibilite dewoulman bon jan eleksyon nan peyi a. Opozisyon politik la ak kèk lòt sektè panse evenman sa yo se yon prèv ki montre rejim lavalas la pa gen kredibilite ase alòske lavalas di li pare pou òganize eleksyon . Korespondan-nou Yves Mompremier gen detay depi vil Cap-Haitien.