Reprezantan ameriken an ann Ayiti, anbasadè Brian Dean Curran, di gouvènman ayisyen an pa fè efò ase pou li satisfè pwen ki genyen nan Rezolisyon 822 Oganizasyon Eta Ameriken yo. Korespondan nou, Rotchild François Junior, di msye Curran fè deklarasyon sa a devan manb Chanm Komès Ayisyano-Ameriken an anvan li kite Ayiti paske li rive nan fen misyon li.