Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Vizite Peyi Bostwana - 2003-07-10


Prezidan Bush pran angajman pou li ede peyi Botswana lite kont fleyo SIDA a ke li konsidere kòm lennmi pi mòtèl kontinan afriken an janm afwonte nan istwa li. Pandan vizit 6 zè'd tan li fè nan Bostwana yè jedi a, msye te pase yon bon moman ap prezante plan-asistans li rele “Inisyativ 15 milya dola sou 5 kan pou ede kontinan afriken an ak Karayib la konbat maladi SIDA a". Msye Bush di laprès li ta renmen fè dirijan afriken yo konnen Lèzetazini se pa sèlman yon peyi puisan, men tou se yon peyi ki chaje konpasyon pou moun k’ap soufri ak SIDA e ki trape viris ki bay maladi a. Botswana se peyi nan lemond kote ou jwenn pi gwo kantite granmoun ki gen nan san yo jèm ki bay SIDA a. Prezidan Bush retounen al pase nuit la ann Afrique Du Sud. Vandredi lap nan Ouganda e samdi nan Nigeria--kote lap boukle vizit li sou kontinan afriken an. Bostwana se 3èm peyi prezidan George W.Bush vizite nan kad vire-won 5 nasyon lap fè ann Afrik la.

XS
SM
MD
LG