Accessibility links

Breaking News

Prezidan George Bush ap Fè yon Vizit Ofisyèl Nan Afrik Du Sud - 2003-07-08


Prezidan George Bush rive Afrique du Sud, 2zyèm etap nan vire-won 5 nasyon lap fè sou kontinan afriken an. Nouvèl yo fè konnen prezidan ameriken an ka resvwa yon akèy mwen "chaleureux" nan Afrique du Sud ke nan Senegal akòz manifestan anti-ameriken yo ki mete sou pye yon seri pwotestasyon pou denonse lagè Lèzetazuni te deklanche nan Irak la.

Moun ki kont entèvansyon Lèzetazuni te dirije nan Irak la planifye yon seri manifestasyon nan vil Cape-Town ak nan Prétoria--ki se syèj gouvènman sud-afriken an.Mach sa yo dwe dewoule pandan chita pale Prezidan Bush ap fè ak tokay Sud-afriken li an, Thabo Mbeki.

Mezon Blanch lan di objektif vizit prezidan an sou kontinan afriken an se diskute teworism, komès e prezante plan 15 Milya dola li rele “Inisyativ SIDA Pou Afrik Ak Karayib" la---yon plan ki pral ede finanse lut kont maladi Sida a ak virus VIH la(virus ki pwovoke maladi mòtèl la)

XS
SM
MD
LG