Accessibility links

Breaking News

7 Sòlda Ameriken Blese nan Nouvo Atak nan Irak - 2003-07-08


Kòmandman Santral Ameriken an anonse 7 nouvo sòlda ameriken blese nan Irak---pami yo, 3 sòlda lame de lè ameriken an. 3 sòlda yo blese nan eksplozyon yon grenad pandan yon atak nèg ame te fè sou yo nan vil Kirkuk, nan nò Irak.

Nan kapital irakyen an, Bagdad, 2 sòlda blese madi apre machinn yo tap kondi a ta’l monte sou yon minn. 2 lòt militè blese nan eksplozyon yon bonm atizanal enkoni te lage sou yo depi yon pon nan moman konvwa militè yo a tap pase anba pon an.

Prensipal administratè ameriken nan Irak la, Paul Bremer, deklare atak kap fèt nan Irak preske chak jou kont fòs ameriken yo se zak pwofesyonèl ki genyen fòmasyon militè, men li ajoute li pa genyen prèv ki montre’l gen yon kòmandman santralize kap koòdone atak yo e’l pa gen non plis tou endikasyon ki fè kwè Saddam Hussein ap dirije atak sa yo.

XS
SM
MD
LG