Accessibility links

Breaking News

Magouy sou Entènèt la - 2003-07-07


Responsab nan gouvènman ameriken an mete ansanm ak sila yo ki nan 10 Eta nan rejyon sant peyi Etazini pou yo sere boulon kèk eleman kap fè magouy sou Entènèt la pou vòlè lajan moun.

Gen yon nouvo ekip espesyal ki pase alaksyon kont 19 magouy konsa ki, dapre sa otorite yo fè konnen, deja souse plizyè milyon dola nan men moun ki twò nayif. Nan ane 2001, Barbara Milligan pat gen travay. Li te Chicago. Yon jou li wè yon reklam sou Entènèt la ki fè konnen yon konpayi ofri 700 dola pa semèn pou moun ki vle ranpli anvlòp pou li lakay yo.

Manmzèl di nan epòk sa a li tap chache mwayen fè yon ti lajan anplis. “Mwen te pase yon bon tan nan chomaj e òf sa a te parèt kòm yon bon jan opòtinite.”Se konsa, Barbara Milligan te voye 40 dola bay konpayi stuffingforcash.com, e li fè konnen sa yo te voye ba li pou kòb sa a se materyèl pou li te atire lòt moun nan magouy konpayi an.

Barbara di, “Mwen te resevwa 10 feyè, bagay m’te ka kole sou poto telefòn... moso papye sèlman. Yo te mande pou m’ ekri enfòmasyon sou adrès mwen pou lòt moun ki wè papye yo te ka voye anvlòp tou tenbre ban mwen.”

Miss Milligan t’al plenyen bò kote yon ajans kontwòl sektè komès la, ki rele "Better Business Bureau", e yo te remèt li kòb li. Sepandan, Steven Baker, ki nan biwo Komisyon Federal Komès la nan Chicago, deklare pifò nan viktim konpayi magouyè sa a pat gen menm chans la. Yo pèdi kòb yo nèt.

Operasyon tankou stuffingforcash.com rantre anpil lajan paske gen anpil moun ki dèyè djòb fasil, “à domicile”. Oubyen djòb tou senpleman. Lè yo mande'w voye yon ti monnen tankou sa Barbara Milligan te voye bay la, se sèten ou pap wè se yon gwo lajan, konpare ak yon pwomès 700 dola chak semèn. Koute pawòl Steven Baker:

“Operasyon sa a, dapre sa n’ dekouvri, ranmase plis pase 2 milyon dola an 2001 an sèlman, nan men konsomatè ki atravè peyi Etazini. A 40 dola pa tèt, sa vle di plizyè dizèn milye kliyan ki pran nan gonm nan.”

Dapre msye Baker, stuffingforcash.com se youn nan 19 magouy sou rezo mondyal enfòmatik la ke sèvis ki rele "Midwest Netforce Internet Fraud Initiative" sible. Sèvis sa a gen ladann Komisyon Federal Komès la, FTC, 4 lòt ajans federal, minis jistis 10 Eta nan rejyon sant peyi a ak plizyè ajans lokal ki la pou fè respekte lalwa. Ajans sa yo pataje enfòmasyon yo genyen nan yon baz done e yo kolabore pou deniche e bloke magouyè sou Entènèt. Yo bloke tout avwa stuffingforcash.com e yo fèmen sit Wèb li a ann atandan desizyon tribinal nan yon pwosè.

Gwoup la ap rapousib legalman moun ak konpayi ki mele nan vant ozanchè bidon sou Entènèt la, sou fo biznis ak lavant aksyon ki pa egziste vre nan sèten konpayi. Pa egzanp, gen moun ki konn vèse plizyè milye dola pou òdinatè ak otomobil ke yo pa janm’ resevwa. Steven Baker, ki nan FTC nan Chicago, di Entènèt tèlman popilè li atire mèt-dam yo e kounye a operasyon sa yo ap soti nan lòt peyi tou.

Msye Baker egzòte tout kliyan pou yo rete veyatif, pa voye lajan konsa-konsa aletranje pou okenn biznis ki pa klè. Dapre yon sous gouvènman ameriken, pifò nan magouy sou Entènèt la ki baze aletranje, yo sòti Nijerya, Kanada, Woumani, ak Grann Bretay. Fè lajan fasil ka atire yon moun fasil-fasil, men veye pou se pa dechèpiye nou kite zòt dechèpiye nou pandan nap chache yon ale-mye.Konsèy Paj Syans ak Teknoloji a!!!

XS
SM
MD
LG