Yon kamyon ki chavire “ 4 wou an-lè ” sou wout Bèladè a yè swa lakoz plizyè mò ak blese. Temwen ki te prezan nan moman aksidan an di move eta wout yo se youn nan koz ki fè machinn nan chavire, dapre sa korespondan nou nan zòn nan Jean Christophe Collègue fèn konnen.