Nan peyi Dayiti, chèf gouvènman an deklare rejim Lavalas la pap resevwa dikta, li pap pran presyon nan men pèsonn, pou sa ki konsène rezolisyon kriz eleksyon konteste 2000-yo. Premye minis Yvon Neptune fè konnen manda ekip kap dirije Ayiti kounye a se tout egzistans pèp ayisyen an. Se sa korespondan nou Rotchild François, Junior di nou depi Pòtoprens.